Accéder au contenu principal

DE VOUS A MOI: Kisa siksè ye pou ou?



Anpil moun fè erè (sa se konpreyansyon pa-m apati de eksperyans mwen ak tèt mwen e ak lot moun), yo mete siksè a on sèl kote: o somè...

Mwen aprann ke siksè a se dabō le fèt ke w gen on visyon reyalis e ou deside ame'w ak kouraj ak detèminasyon pou-w pran chemen travay, goumen pou'w leve si'w bite, lonje men bay lōt kap fè efō tou, pandan wap apresye ofi e a mezi chak nouvel etap...

On egzanp senp: ou sètènman ap travay di pou'w amelyore talan'w, kontinye konpoze, espere on jou wap koni, mizik ou ap mache e ap pèmèt ou viv desamman e menm trè byen. 

Oubyen ou nan tout reyinyon kote yap pale de pozitivite, de kreyasyon richès, de depasman de swa...

Oubyen ankô wap travay di, envesti, pa domi, monte desann agoch adwat ap chache opotinite, nouvo kontra, kontak...

Eske w pase tout tan'w devan pyano-w selman, sou gita 'w, sou fèy patisyon'w, sou ekipman, sou ban lekol, dèyè on biwo, dèyè on laye, on kontwa, on ōdinatè, etc? Si wi, ou sou wout pou'w reyalize kèk rèv : ou ka jwenn tout mwayen sibzistans, byenèt, ezans. Men eske satisfaksyon saa ap dire!

Pandan wap travay di a, sou konbyen lōt moun ou pran tan fè enpak, konbyen men ou ralé monte pou'w pa fè wout la pou kō-w? Malgré w'ka jwenn desepsyon nan men yo, ou pa dekouraje, ou kontinye pran sou tan'w, sou enèji 'w, sou mwayen'w, pou'w asire'w ke omwens youn lōt pran bon chemen tou...

Se chak ti siksè sa yo ki kenbe kè'w bel e pèmèt ou apresye chak pa, chak pwogrè.  Ou ka poko rive manyen milyon yo, se ka poko figi'w ki parèt sou tout chèn TV, se poko cd'w oubyen video'w kap fè hit nan entènasyonal la, lè yo site non-w on kote, anpil moun ka poko janm tande'l...

Ou poko gen kay ou vle a, machin pa-w la kay konsesyonè a toujou, labank poko konsidere w kōm kliyan VIP...

Men pandan tan saa, wap viv ak on kè kontan, on kè pozé, on lo ti satisfaksyon ke anpil gwo tèt ak gwo non ta peye pou yo genyen...

Ou pa bezwen dwōg pou'w afwonte reyalite 'w, depi'w met tèt ou sou kabann, domi te gentan ap tann ou. Nenpot ti kantite manje plen vant ou, epi pa gen koze endijesyon. Ou ka deplase san kè soté, lanmō pa on fatalite pou ou paske ou konsantre enèji'w sou bon visyon e sou bay lavi.

Se sou wout siksè ke siksè komanse. Se pa lè-w rive on kote, nan on sèten nivo. Si'w pa pran tan fōje'w, apresye, édé, repoze'w, resantre 'w, viv, wap ka rive gen notoryete, repitasyon, lajan, otorite... men wap manke pi enpōtan an: lajwa otantik, lapèdespri, santiman plenitid.

Se ak tèt frèt pou'w apresye kouwōnman efō'w yo, se ak rekonesans pou'w kontinye avanse. Ou se ou. Pa mezire siksè-w nan santimèt lōt moun, nan balans sa kap mennen yo. Mennen ki bō? A ki kondisyon?

Antre nou, siksè a se pa toujou jan'w wè a... Se pi souvan jan wap viv li a...  Komanse pran wout la non. Kenbe vizyon'w, kenbe zye-w ouvè, men sitou, kenbe kè'w pwop pou anyen (regrè, repōtaj...) pa gate lajwa-w lè wap jwi siksè-w.

Sister M*

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Fanel Delva : de chauffeur de Tap Tap à journaliste !

Ma mère, après la mort de mon père, pouvait à peine nous donner à manger, mon frère ainé et moi. Faute de moyens financiers, elle nous avait envoyé au Cap-Haitien, chez nos oncles et tantes. J’ai connu des difficultés énormes. À une époque, je pouvais aller à l’école sans pouvoir me rendre à l’église : Les chaussures appartenaient à un de mes cousins, qui s’en servait, lui, pour aller à l’église. Je me suis battu pour vivre avec l’aide inconditionnelle de mes oncles et tantes, qui devaient, eux aussi, s’assurer de l’éducation de leurs enfants. Un de mes oncles avait une camionnette. J’en étais le chauffeur certaines fois, question de donner ma participation. Presque tous les dimanches, je faisais le trajet Cap-Haitien/Limbé. Arrivé en terminale, je n’ai pas pu passer plus de trois mois en salle de classe. On m’avait chassé de l’école parce que je ne pouvais pas payer les frais scolaires. Et comme je devais subir les examens d’état, je continuais à étudier chez moi. J’a...

Le bourreau de sa femme devient protecteur du citoyen !

Crédit Photo:Google On ne donne que ce qu’on a. Et c’est prouvé. L’Administration Publique est dirigée par des corrompus avérés. S’il y a une chose que l’inculpé a su prouver depuis qu’il est au Palais National, c’est son attachement viscéral aux personnalités au passé douteux, qui ont des démêlés avec la justice. De Wilson Laleau, impliqué dans la dilapidation des fonds du Pétro Caribe, chef de son cabinet, passant par Yolette Mingual, ancienne conseillère électorale poursuivie par la Justice pour corruption, mais nommée directrice du Ministère des Haïtiens Vivant à l’Etranger, Jovenel Moïse n’a rien à reprocher. Et pour allonger la liste, il nomme Renand Hédouville Protecteur du Citoyen. Le successeur de Florence Elie n’est pas au-dessus de tout soupçon. Renand Hédouville est connu comme un batteur de femme. Des organisations de droits des femmes, dont la SOFA, avaient dénoncé le protecteur à peine nommé. Elles ont rapporté que la femme de Renand Hédouville avait porté...

Vivre en Haïti, c’est frôler la mort au quotidien

Crédit Photo: Photographe inconnu   Rien n’est sûr dans ce pays. Pas même la montée du drapeau. Vivre dans ce coin de terre, est le choix du vrai combattant. Ce dernier doit se battre contre l’insécurité, le non-accès aux soins de santé, le chômage, des propositions indécentes, le manque d’infrastructures routières. Ici, toutes les conditions sont réunies pour mourir toutes les soixante secondes. Nos routes et véhicules Piétons et automobilistes partagent le même espace. Le trottoir, étant occupé par des détaillants, prendre la chaussée reste l’unique alternative. Ce qui revient à dire que des vies humaines sont exposées, au manque de vigilance de certains conducteurs. Que dire de l’état de certains véhicules ? Ils sont des carcasses roulantes. Ces « véhicules » circulent librement sous les yeux des agents de la Direction Centrale de la Police Routière, DCPR, sans feux avant, encore moins d’avertisseurs sonores. Et que dire des installations électriques vi...