Accéder au contenu principal

Le Dr MARC Espelando écrit à Jovenel MOISE





19/02/2017


Ekselans mesye Jovenel MOISE,
Prezidan repiblik Dayiti,

Mwen se yon jèn ayisyen ki boure ak fyète nan rann sèvis a peyi’m, fyète sila sòti nan:
-         Mete yon katetè iretral pou yon pasyan ki gen yon retansyon irinè
-         Fyète sila sòti tou nan fè yon akouchman, ede yon fanm kap soufri ak doulè e tout fanmi an rejwenn souri yo lèm parèt nan sal datant lan mwen di: “kote rad pou bb a”

Lis la te ka pi long men mwen fè’l pi kout pou’m pa pran tròp nan tan’w, men mwen te vle di’w ke mwen santi’m itil nan peyi’m. Mwen t’ap bliye prezante’m wi prezidan, ou a eskize’m pou mank lizay sa, non pa’m se Dr MARC Espelando, pèmèt mwen fè’w yon konfidans prezidan: men mwen ap tranble wi pandan map mete Dr a devan nonm nan, tit sila ki se yon tit nòb tout kote sou planèt tè a. Siman w’ap mande tèt ou pou kisa men m’ap tranble a? Ebyen m’ap reponn ou wi mesye le prezidan.

Men’m tranble pou jan mwen wè y’ap TRETE doktè yo pa bò isit, pou jan lasante pa reprezante anyen nan priyorite gouvenman pase yo, epi pou’m toujou ap rele tèt mwen doktè. Men lè’m sonje kantite nwit mwen te konn pèdi pou’m etidye, lè mwen sonje tout moman egzamen yo kote se yon kout benyen rapid ki konn separe lannwit mwen ak lajounen’m avan mal pran stress egzamen an, oubyen pou’m al fè jounen kanpe nan lopital kote okenn kondisyon pa reyini menm pou’m ta jwenn yon ti bout chèz pou’m chita. Lè’m sonje jan’m te konsantre tankou tout etidyan ki ap goumen pou rèv yo, men plis ankò lè’m sonje jan mwen te konsantre paske’m te kwè nan nan fiti peyi’m e tou paske’m te santi’m te itil nan peyi’m, paske’m t’ap aplike valè ke yo te  aprann mwen tankou edikasyon se kle , dayè te menm gen yon fraz ke’m te fè tounen bousòl mwen: ‘l’éducation élève l’homme à la dignité de son ȇtre’.

Lè’m sonje tout bagay sila yo, mwen pran kouraj e mwen di tèt mwen  ke’m gen rezon pou’m fyè paske etidye medsin se yon sakrifis ki pa gen pri, e tit sila se pa yon favè se travay mwen ki ban’m li. Prezidan ou sot mobilize 20 mwa kanpay avan’w rive kote’w ye a, ajoute ak tout efò pèsonèl ou te fè pandan tout lavi’w, ebyen medsen yo, yo menm, yo mobilize 10 a 12 zan nan lavi yo avan yo pou yo ka sèvi popilasyon an ki malgre sa pa janm rive konprann yo.

Padon wi prezidan si’m di’w tout sa yo, men nou konn ap fè nwit nan lopital menm yon kabann nou pa jwenn pou’n ka fè ti mòso dòmi, nou konn paka jwenn menm yon ti dlo pou’n lave figi nou nan demen maten pou’n al sou pasyan yo, imajine pandan yon segonn kijan sa di pou medsen fi yo aprè yon nwit nan yon lopital. Nou viv ak tout sa yo paske nou te konnen se pri sa pou’n peye pou’n vin doktè, nou sipòte presyon paran malad ki konn menm rive rale zam nan tèt nou paske yo panse se volonte nou pa genyen pou’n pran swen malad yo, lè menm gan nou paka jwenn. nou konn depanse enèji nan chèche medikaman pou malad nou yo, pafwa nou konn oblije achte medikaman yo ak kòb ki nan pòch nou, podyab, anpil fwa se kòb bon fanmi ou zanmi charite nou pou grangou pa fè on pwen final ak nou wi. Pa di’m se mwen ki pral aprann ou ke nou pa touche e ke ti sa yo ba nou an yo relel ‘FRÈ’, malgre yo pran taks ladan’l, li pa reprezante anyen nan depans karyè sa mande nou.

Prezidan mwen ekri’w Jodi a pou’m di’w malgre tout sakrifis sila yo mwen sot di’w la pi gwo rekonpans peyi a ba nou se choute’l choute nou, se di’l di nou li pa bezwen doktè. Kòm rekonpans se grèv nou jwenn vire tounen. Prezidan pou denye 10 mwa ki sot pase yo, lopital piblik yo pase 7 mwa nan grèv . chak fwa gen grèv tanpri banm raplew kisa ke sa vle di:
-         Sa vle di moun ap mouri akòz yo pa ka jwenn swen
-         Sa vle di epidemi yo ap vale teren
-         Sa vle di rezidan yo (doktè k’ap fè espesyalite yo) pa ka vinn travay
-         Sa vle di entèn yo (etidyan nan dènye ane yo) paka travay
-         Sa vle di dat pou medsen ki sot fè sèvis sosyal al fè rezidans lan oblije prolonje
-         Sa vle di etidyan yo ki fini nan fakilte yo paka al fè entèna.

Kidonk prezidan non Sèlman moun ap mouri, men fòmasyon an kanpe sou plas. Prezidan yon moun ki sakrifye 10 a 12 zan nan vil, ou konprann ke se yon moun ki ta sipoze aprè tout ane sila yo resevwa tout ankadreman ak apresyasyon nan men leta, se yon moun ki ta sipoze jwenn mwayen tou pou’l viv ak sal aprann nan e tou, pou’l transmèt konesans sa yo ak sa ki pi jèn yo.
Men prezidan reyalite peyi a vinn yon lòt bagay, pa sezi non sim diw fyète jèn entèlektyèl sila yo vole, li vole paske aprè tout efò yo fè menm minimòm nan yo pa ka jwenn pou yo travay, menm yon gan pou fè yon pansman se yon pakèt koze li ye andan yon sant ospitalye, pafwa ou oblije ap fè voye paran malad al achte de grenn gan, kidonk sila vin pote dekourajman ki fè anpil nan jèn yo tout projè yo se kite peyi a pou  y’al chèche lavi miyò.

Prezidan mwen ekri’w pou’m di’w ke gen ijans, ijans yo anpil men kanaval pa youn ladan yo.Kite’m atire atansyon’w sou yon gwo peyi nan koze kanaval ki anile anpil nan aktivite’l yo, gouvènman an di konsa y’ap pran lajan sila pou achte anbilans pito, mwen vle pale de Porto Ferreira ki se yon eta nan Sao Paulo (Brezil). Kòm nan jou ki sot pase yo mwen wè ou t’al vizite sèvis dializ pi gwo lopital piblik peyi a kote moun ap mouri paske pa gen aparèy pou yo fè dializ, moun ap mouri paske ti pèsonèl la paka touche. Malerezman anpil nan moun sila yo pa gen mwayen pou yo al pran swen ni nan lopital prive ni nan peyi etranje kidonk yo livre a yo menm. Mwen te panse aprè vizit sila ou t’ap mande pou yo fè yon ti kanpe nan depans agòch a dwat yo ki pap itil peyi a anyen nan òganize kanaval men ki te ka ede nan achte yon aparèy dializ pou sove lavi.


Prezidan menm si Lopital yo pa fonksyone men aksidan yo pa sispann fèt, chak jou anpil moun ap defile nan lopital yo, moun ki te ka sove oblije pedi lavi yo akòz yo paka jwenn ti mòso swen, men nou menm sa pa di nou anyen se danse n’ap danse se ribanbèl n’ap fè, nou banalize lavi moun.

Prezidan banm raple’w yon ti bagay ki te pase pandan’w te nan kanpay la, gen yon ansyen prezidan ki te gen yon ijans yo pat gentan pran ni avyon avèl ni elikopte pou’l al kay vwazen, se nan lopital inivèsitè JUSTINIEN yo te kouri avèl, mwen ba’w garanti prezidan si te gen grèv nan moman sa ansyen prezidan an t’ap mouri tankou anpil lòt kap mouri nan moman sa la paske yo paka jwenn swen men sa pa di pyès moun anyen paske nan sosyete sa lavi moun pa vle di anyen, NOU BANALIZE LAVI MOUN sosyete sa kanaval prime sou lekòl ak lasante, bon kijan nou vle lòt nasyon repsekte nou lè yo aprann n’ap danse lakay nou pandan gen moun k’ap mouri paske lopital piblik y’ap fè grèv akòz ti pèsonel ki paka touche.

Prezidan li poko trò ta pou’w frennen nan depans initil sila yo ki pral fèl pou tout kanaval sa yo, swiv egzanp Brezil la. li pa trò ta pou’w fe jèn ki anvi kite peyi a reprann konfyans, chak aksyon ou pral poze eseye wè peyi a olye de ti goup moun k’ap di’w pike devan an, ti gwoup moun k’ap di’w kanaval devlope peyi, chak kanaval ki fèt nan peyi a leta pa janm ka di konbyen kòb ki antre nan kès li men li toujou konn konbyen ki sòti.

Map fini pou’m diw prezidan ke nou bouke ak mòd gouvènans sila yo e mwen ta renmen konseyew pou’w antre kominike ki bay konje pou 3 jou gra yo, yon peyi deja anreta nou paka vire toune pou’n ap fèmen peyi a pou nenpòt ti bagay. kidonk se paske nou santi nou trè an avans ki fè nou oblije fèmen peyi a pou’n al danse? kisa ki nan tèt nou? Jodi a anpil moun vle kwè ke plat pye dirijan peyi nou yo ki sot pase la te pran plas sèvo yo kòm dirijan, tèlman refleksyon yo pat chita sou anyen, ou gen chans Jodi a pou montre yo ke ou diferan prezidan, aji yon lòt fason, fè jenès la reprann konfyans, fè moun ki anvi ale yo reprann kouraj konsa mwen panse nou pap wont di nou se ayisyen lè nou rive yon kote.

Mèsi paske’w te pran swen pou’w li lèt mwen an, mwen espere wap pran remak yo ak kè, mwen salyew nan non tout jèn ki vle wè peyi yo a avanse.


E.MARC                                                                             
+509-4769-4295

Commentaires

  1. Bel text, parole yo rive sou mw e sa fem mal ke'w pap jwen repons paske nou selman President an pap chita poul li menm komansman text ou an, bref, si ta gen yon chans sou 10.000 pou li ta li txt lan, M'espere ke President an reponn ou aussi vit ke posib, pa avec yon txt men pou li aji, e sa ki dwe fet lan kel fet

    RépondreSupprimer
  2. Zanmi m vreman renmen saw di w yo e sa fem we gen toujou nan peyi m espere ke Prezidan reponn w menm pa elegans. Paske se Mwen ki pou di w m lekol deyo chak fwa m fe yon bel not yo Mande m eske se ayiti m te fe secondaire Mwen.

    RépondreSupprimer
  3. Mw santim fier deskem we gen yon konfrè ki réfléchi sou lavi moun kom medsen malgré Kounya medsen yo kite lanbisyon lajan pote yo ale nan souse oubyen prije san timalerèz yo kap bat dlo pou fè bè,donk mw ta renmen tout medsen ak tout lot patnè ministè santé piblik yo pran konsyans de sa kap pase nan lopital jeneral aktyelman,al founi je nou nan sal abandone yo na va wè ak de je nou sa ki genyen,mw panse prezidan pral reponn ou byen vit e ke lap konprann tou ke se de pep la ,pep ki fel eli nan yon sel kout kle oubyen yon sel kout bek Jan li te dil la,Dr Marc Esperando mw kontan anpil pwiske mw vwayaje nan gran peyi e mw wè épi konnen ki wol e ki enpotan laswenyay genyen nan je lot nasyon san ale pi lwen peyi kiba repiblik dominikèn poun site sa yo Selman,,ou pa ta konprann kijanw mw santim an jwa e kouman pawol sa yo vibre mw kote yon Medsen enterese ak pasyan li,kenbe la nou avew 100%
    Mw se yon jèn tankouw kap milite nan sosyal e ki te jwe wol Promoteur de la santé nan kwa rouj sidès men ki aktyelman ap fè yon etid aletranje.. mesi anpil

    RépondreSupprimer
  4. "Docteur" Marc Espelando,

    Je suis un compatriote haïtien vivant à Montréal, Canada. Je suis heureux, fier, mais aussi très ému, si ce n'est attristé de vous avoir lu. Merci pour votre courage, en vous adressant à la plus haute magistrature de notre chère Haïti, espérant que celui que vous appelez maintenant "Prezidan" prendra note et minimalement répondra à votre édifiante missive, il vous doit une réponse. Une réponse à vous sera aussi une à la Nation, en aura t'il le courage?

    "Doctè Marc" mwen vle fèw konnen ke anpil lan nou ki lan diasporaa atriste de sitiyasyon ke gouvènman avan yo e posibleman gouvènman ki fèk monte ya pito fèmen je yo ak nen yo pou yo pa wè e pa santi putrefaksyon kap manje ko ak am pèp lan. Pèp Ayisyen merite plis, Ayiti merite plis.

    "Docteur", oui je vous appel "Docteur" car vous respectez votre serment d'Hippocrate, non seulement par la conscience qui vous guide dans les soins que vous donnez à vos patients, malgré les conditions qui vous sont imposées, mais aussi par le courage qui vous a porté à articuler cette revendication pour tous ceux et celles qui préfèrent se taire, à juste titre, de peur de représailles. Espérons que votre/notre "Prezidan" a prêté le serment d'être le président de tout une nation, et non pas le "serment d'hypocrite" d'être le "Prezidan" de la minorité affairiste qui ne connaissent pas ce que c'est d'être un patriote.

    "Docteur Marc" de jeunes compatriotes comme vous nourrissent mes revendications et mes critiques de ces irresponsables gens (Hommes et Femmes) qui se proclament "Leaders". Le mot "Leadership" ne devrait pas être synonyme "d'Opportunisme" (dans le sens haïtien du mot). Je vous félicite encore pour votre courage et soyez assuré que je me ferai le devoir d'être votre voix dans la diaspora haïtienne de Montréal. Vous me donnez espoir qu'Haïti est toujours "La Perle des Antilles", une perle certes qui doit être polie pour briller de toute sa beauté.

    Patriotiquement,


    Frantz ANDRÉ Trouillot (FAT)
    Cell.: (514) 898-5465

    RépondreSupprimer
  5. Sa touche m. E saw di yo fèm mal. Men map diw peyi sa pa sou wout pou anyen chanje vre,
    Antouka map toujou ankouraje tout jèn apran yon bagay,pa kite sèvo a vid. Men m si peyi a fè tankou l pa bezyen nou, yon jou sa nou aprann a touye vè nan vant nou.

    RépondreSupprimer
  6. Mon ami si Président pat nan kanpay toujou petet li te k tandew initiative la louable men pa blie se pa koze ti pep kap regle nou pov kidonk nou pa gen vertu alors kontinye sa nou te komanse fe paske moun sa yo pa we nou nan gro liv yap li yo. Kanaval se la pou betises, bamboche,sex, bwe tafia bliye problem pendant 3 jours depanse lajan pou gran mesi ou imajine tout kob sa yo tap fe nan domaine sante a map fini poum di "Que la betise continue" courage mon frere.

    RépondreSupprimer
  7. Sa touchem jus nan fon kè Dr Marc ,comme moi qui suis etudiante en medecine tu as oublie De faire mention ke De fwa menm elektrisite ou pa jwenn pouw kraze sak dur lan se komsi tout luxe fini pou ou ,tan De somey ou kout we pa we fow kraze .enfin on se demande ou est l espoir?

    RépondreSupprimer
  8. Dr Marc ou gen rezon sou tout sa ou di yo...mwen espere prezidan an ap pran not de text saa

    RépondreSupprimer
  9. Bravo dokte ou di bel bagay kamarad mw. .m se on etidyan nan medsinn mw m komanse dekourage ak tout sam we ak tande nan peyi map. Few konnen Ke pep la konplis tou paske yo pa leve kanpe ak nou medsen yo kap pale de sante payo sel. Sa yo prop c fe manifestasyon pou prezidan epi mange alndanse nan kanaval. Si yo t gen konsyans yo tap konprnn ke si gen on insidan nan kanaval la menm Jan ak ane kite pase a yo pap k jwenn swen lopital...

    RépondreSupprimer
  10. Se premye pyim m wè bezwen popilasyon an pa priorite Leta. Elas Dirijan nou yo bliye si nou nan 21e syèk, e yo vwayaje anpil. Felisitasyon Dr Marc e mwen swete ke 'Prezidan" reponn ak yon aktyon poze....

    RépondreSupprimer
  11. Sa touchem jisko zo lem we peyi sa pa gen yon kouch moun ladanl Ki pa viktim de move tretman kom kwa di lajenes vinn pa kwe nan edikasyon ta sanble gouvenman nou yo ta pre Pou yo femen Lekol, kesyon lasante an menm chak jou moun ap mouri pa pil e pa paket nan lopital paske paran malad la pa gen kob poul achte medikaman e lopital yo pa posede anyen oubyen si yo genyen yo c Pou yo fe biznis paske pa gen okenn lwa anyen menm ki detemine koze a tout jen nan tout kouch sosyal kelkeswa profesyon yo fe yo dekouraje paske c krab yo ye, yo nan yon panye chak tan Pou yo ta vanse lot krab parey yo ap rale yo Pou yo desann, ayisyen se mouvman sa kap fet mwen ta swete dirijan nou yo pran not paske paran pitit soyet fe two gwo sakrifis nan vi a Pou se rekonpans sa peyi dayiti ofri yo, bel teks Dr men dirijan yo se sou pouvwa yo ak gwo bibit yo yo chita yo pa pran Konsey menm nan men konseye yo vwa Pou nenpot Ki moun Ki ta vle konseye yo.

    RépondreSupprimer
  12. "Jis ki kote nap rive e ki koten panse ale? "M felisite kouraj ou mon frre sa se on teks ki ta supoze frape prezidan an men map mande eskel pa gentan mete protej la pou anpechel rive sou li? Ann sib... Se klè ke pep ayisyen ap rantre pi fon nan inyorans ak depravasyon se telman vre ke jenes la pa we lekol anko men se di mo sal toupatou ak ranse (Petet ke yap di yo pa we sa lekol fe pou moun ki devan yo tankou Doktè a ak mwen menm ak anpil lot anko) bagay lopital sa se yon krev ke menm tande ou pa tande pale de li anko... On ti kesyon: *konnia ki kote yo pral mennen moun ki pral pran kout woch kout ponya nan kanaval yo?* Adje wi dan problem yo anpil tande... Antouka mon frer kouraj ann kontinie pale Petet yon jou vwan a pase tankou van bo zorey yo.

    RépondreSupprimer
  13. Il faut que les autorités en place prendre conscience de notre problème qui ronge notre cher Haïti,qui était la perle des Antilles et maintenant qui devient la poubelle pour le monde. Qui peut m'aider à changé le pays svp.je dis non Haïti ne périsse point.
    " Une nouvelle vision pour Haïti".

    RépondreSupprimer
  14. Doktè MARC Espelando:
    Mèsi anpil pou sakrifis ou. Mèsi pou kouraj ke ou egzanplifyé. Anpil priyè pou Ayiti cheri nou an. Bondyé ap dirijé yon reyèl avni de boté ak pwosperité pou "Ayiti, La Belle." Amèn.

    TTWMinistries@gmail.com
    404 407 0213

    RépondreSupprimer
  15. Tanpri, Dr. Espelando, patajé sa a sou paj ou - konsènan zafè renouvèlman TPS pou 58,000 Ayisen Etazini vlé voyé tounen apati de 22 Janvyé 2018. Ayiti vrèman poko paré, pou nou recevwa 58,000 Ayisyen sa yo. Lèt ou a Prezidan Jovenel Moïse la detayé sa byen - sou pwen de lasanté pèp la. Tanpri! Ansanm nou fò. Vwa pèp la, meté ansanm, kapab kreyé yon kri asé fò pou rivé nan zòrèy Bondyé...é Bondyé va desann Espri Li nan nanm Prezidan Donald Trump - pou manifésté jistis ak favè pou "Ayiti, La Belle."

    (TPS sou Paj Facebook)
    https://m.facebook.com/story.php?story_fibd=10154639692345098&id=681295097

    Dina Michel

    RépondreSupprimer

Enregistrer un commentaire

Posts les plus consultés de ce blog

Les manifestations de nuit avaient un prix… André Michel se la coule douce !

La politique est le gagne-pain des hommes du secteur démocratique de l’opposition. Qu’ils soient avocats, sénateurs ou peut-être rien du tout, ils vivent de crises politiques. Ils sont prêts à tout. Ils font tout pour atteindre leurs objectifs : s’enrichir contre vents et marées. Cependant, ils se présentent toujours comme des saints. Ou encore, c’est ma préférée, comme des pécheurs convertis. Ils sont devenus de nouvelles créatures, mais pour mieux tromper. Le Secteur Démocratique et Populaire de l’Opposition nous trompait depuis le début. André Michel et alliés se servaient de la naïveté d’un peuple assoiffé de justice et du recul des jeunes Petro-challengers pour prendre l’avantage. Ils se sont montrés acides envers le pouvoir. Seuls les plus naïfs les croyaient. Pourtant, ils ne jouaient que le jeu de leur patron. Ils sont comme des robots, dont la console est bien gardée entre les mains d’une frange du secteur privé des affaires. Jovenel Moïse et le secteur démo

Haïti, l'abattoir à ciel ouvert!

Gibiers facils. Brebris sans berger. Aujourd’hui, Nos têtes ne valent plus rien, contre mille gourdes autrefois. Les assassinats, les massacres, des cas d'execption, jadis, sont devenus notre quotidien. Nous sommes livrés à nous-mêmes, impuissants. Car, si même la Police est défiée, que feraient de simples citoyens pour se défendre, face à l'arsenal des bandits puissants et sans limite? Les bouchers sont partout. Et ils ont le soutien des bergers, supposés se battre pour protéger le troupeau. Mais, ils se taisent. Ils participent même à nos égoregements quotidiens. Car, bon nombre d'entre eux travaillent en tête à tête avec nos bourreaux armés. Nos dirigeants, de facto ou légaux, sont arrogants et sans gêne. En témoignent les récentes déclarations de la ministre de justice de facto, Emilie Prophète. Cette intellectuelle, chercheuse de pain, prostituée, pour ainsi dire l'artiste engagé Kébert Bastien, a étalé toute son incompétence au micro du journaliste Yv

Village de Dieu : Et si Jovenel y posait ses pions pour 2022 ?

La bataille électorale commence depuis plus de trois ans. Car, il faudra à tout prix remplacer Jovenel Moïse, le corrompu, par un autre de la même trempe ou pire. Un autre menteur, un autre bandit légal, dirait-on. La prolifération des gangs armés n’est guère un hasard. Mais, c’est le plan de plusieurs chefs d’État qui se sont succédé à la tête du Pays. Objectif: maintenir le pouvoir, en s’appuyant sur la force des armes, et non sur les résultats. Avec Jean Bertrand Aristide, en 2003 et 2004, notamment, les « Chimè » Lavalas avaient le plein pouvoir. Mais, le règne du PHTK, avec Michel Martelly et Jovenel Moise, rebâtit Haïti en paradis des gangs armés. Ces groupes, mieux équipés que les agents de la PNH, contrôlent presque tous les recoins des quartiers populaires, dont cité Soleil et Martissant. Ces zones, en période électorale, pèsent beaucoup dans l’électorat. Alors, pourquoi ne pas en entrer en possession avec des chefs que Jovenel Moïse contrôle ? Le premier min