Accéder au contenu principal

Aprè yon tan se yon lòt ! Sevenet Dort

Crédit Photo: Google

Mwen te gen 15 lane lè mwen te bay yon gran sè m repons sa a paske l t ap itilize m kòm yon pon poul travèse. Mwen te di l : "ou pran m pou kèk kilòt". Mwen pa t menm di sa devan manman m, li rapòte sa bay manman m. Lè  manman m mande m kisa kilòt genyen mwen pa t ka reponn. Konsa mwen pran anpil chaplèt pou m fè kwa pou m pa janm repete sa ankò. Si vrèman w te leve nan men granmoun disipline, gen mo lang ou ap anbarase lè w ap di yo.

Ayiti ap difisil pou l chanje lakoz kèk jenerasyon moun sa yo ki voye jete tout sa moun te jije ki te bon nan tan pase yo pou chwazi vye abitid ak betiz pou fè deba, menmsi sa yo p ap itil, sa p ap ede sosyete a nan anyen, sinon fè l vin pi mal pase jan l ye la.

Kite m raple nou kèk prensip ki te bon, ki te itil : pa anreta lekòl, si timoun nan pa konn leson l li p ap ka al jwe, respekte  granmoun, pa chante/sifle, pa di fout sou granmoun, pa chita kote granmoun lè l ap pale ak lòt moun... M site sa yo sèlman. 

Moral nou fin ale, men se kòmsi tout bagay te nòmal. Epoutan, paran m, paran w, paran l, pa t viv konsa. 


Sou kilès ou kapab konte jounen jodi a kòm notab, lakoz n ap viv nan yon sosyete kote tout moun pèdi kontwòl tèt yo tankou machin ki pèdi fren sou yon tèt mòn ? Betiz k ap fè deba jodi a nan Palman an, nan tout medya ak sou rezo sosyal yo ta dwe fè nou tris paske nou tout konnen sa yo vle di tout bon vre. Bagay ki ta dwe fè nou wont jouktan n kriye se yo nou bay plis valè. Kòman n t ap santi n lè timoun nou yo leve chak jou pou se vokabilè sa yo sèlman y ap repete sou pretèks se non yon atis ? Ki atis atò ? Kisa atis sa pwodui ki kapab itil sosyete a ? Ki dimansyon atis li ye ? 

Gen anpil jèn timoun k ap mouri grangou ak plizyè kategori talan nan tout kwen peyi a, li t ap bon wi si nou ta mennen yo vini nan medya yo ak rezo sosyal yo pou n ta fè moun konnen yo, òganize pwogram ak yo yon fason pou yo ta jwenn mwayen pou yo manje, peye lekòl, peye inivèsite, elatriye. Li pa bon pou se chak fwa nou bezwen fè kapital nou, pou enterè imedya nou n ap ede yon moun. Ou dwe ede moun ou pa espere anyen anyen nan men l annapre.

Si vrèman nou vle ede yon moun nou estime ki atis nan nivo sa, gen yon fason nou ka  fè sa. Ba l ankandreman nan tout nivo, tankou : ba l tout sa l bezwen epi ede l fè pwofi ak talan l lan... lè sa a sosyete a t ap wè n renmen pèsonaj la toutbon.

Sispann di koulèv se pwason lè n bezwen defann koz nou. Lè konsa n p ap ede sosyete a vre... 


An nou produi sa k bon, sa k itil yon fason pou ti moun k ap vini yo kapab kopye sou nou. Otorite nou yo dwe yon modèl pou jenès la, medya yo ta dwe yon sous kote moun ap pran bonjan fòmasyon/edikasyon pou ede nan konstriksyon sosyete a, pou sosyete a ka briye nan tout nivo. An n sispann vann imaj k ap detri Ayiti paske Ayiti se  idantite chak ayisyen k ap viv nan mond lan. Fòk nou pwodui nan enterè youn lòt. 

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Les manifestations de nuit avaient un prix… André Michel se la coule douce !

La politique est le gagne-pain des hommes du secteur démocratique de l’opposition. Qu’ils soient avocats, sénateurs ou peut-être rien du tout, ils vivent de crises politiques. Ils sont prêts à tout. Ils font tout pour atteindre leurs objectifs : s’enrichir contre vents et marées. Cependant, ils se présentent toujours comme des saints. Ou encore, c’est ma préférée, comme des pécheurs convertis. Ils sont devenus de nouvelles créatures, mais pour mieux tromper. Le Secteur Démocratique et Populaire de l’Opposition nous trompait depuis le début. André Michel et alliés se servaient de la naïveté d’un peuple assoiffé de justice et du recul des jeunes Petro-challengers pour prendre l’avantage. Ils se sont montrés acides envers le pouvoir. Seuls les plus naïfs les croyaient. Pourtant, ils ne jouaient que le jeu de leur patron. Ils sont comme des robots, dont la console est bien gardée entre les mains d’une frange du secteur privé des affaires. Jovenel Moïse et le secteur démo

Haïti, l'abattoir à ciel ouvert!

Gibiers facils. Brebris sans berger. Aujourd’hui, Nos têtes ne valent plus rien, contre mille gourdes autrefois. Les assassinats, les massacres, des cas d'execption, jadis, sont devenus notre quotidien. Nous sommes livrés à nous-mêmes, impuissants. Car, si même la Police est défiée, que feraient de simples citoyens pour se défendre, face à l'arsenal des bandits puissants et sans limite? Les bouchers sont partout. Et ils ont le soutien des bergers, supposés se battre pour protéger le troupeau. Mais, ils se taisent. Ils participent même à nos égoregements quotidiens. Car, bon nombre d'entre eux travaillent en tête à tête avec nos bourreaux armés. Nos dirigeants, de facto ou légaux, sont arrogants et sans gêne. En témoignent les récentes déclarations de la ministre de justice de facto, Emilie Prophète. Cette intellectuelle, chercheuse de pain, prostituée, pour ainsi dire l'artiste engagé Kébert Bastien, a étalé toute son incompétence au micro du journaliste Yv

Village de Dieu : Et si Jovenel y posait ses pions pour 2022 ?

La bataille électorale commence depuis plus de trois ans. Car, il faudra à tout prix remplacer Jovenel Moïse, le corrompu, par un autre de la même trempe ou pire. Un autre menteur, un autre bandit légal, dirait-on. La prolifération des gangs armés n’est guère un hasard. Mais, c’est le plan de plusieurs chefs d’État qui se sont succédé à la tête du Pays. Objectif: maintenir le pouvoir, en s’appuyant sur la force des armes, et non sur les résultats. Avec Jean Bertrand Aristide, en 2003 et 2004, notamment, les « Chimè » Lavalas avaient le plein pouvoir. Mais, le règne du PHTK, avec Michel Martelly et Jovenel Moise, rebâtit Haïti en paradis des gangs armés. Ces groupes, mieux équipés que les agents de la PNH, contrôlent presque tous les recoins des quartiers populaires, dont cité Soleil et Martissant. Ces zones, en période électorale, pèsent beaucoup dans l’électorat. Alors, pourquoi ne pas en entrer en possession avec des chefs que Jovenel Moïse contrôle ? Le premier min