Accéder au contenu principal

E si prezidan Preval pa ta mouri vre? Par Sevenet DORT



Sa t ap bèl anpil si Rene Preval pa ta mouri tout bon vre ! Nan peyi m, Ayiti, souvan nou rekonèt valè yon lòt twò ta. Lè yon moun vivan se pi bon moman pou n ta fè elòj pou li, pou n montre sa li vo pou ankouraje l, fè lòt moun konnen enpòtans li, kòman li bon pou nasyon an, sa yo  t ap fè kè l kontan  pou l fè plis bagay ki bon toujou e jwe yon wòl enpòtan k ap pèmèt li viv plis tan sou tè a.

Sou ki baz ou montre ou sansib pou kadav mwen konsa, alòske mò pa konn anyen ? Si m te gen pouvwa,  m t ap leve pou m di sispann pale de mwen, bann ipokrit!  Nan biwo moun k ap pale de byen de ansyen prezidan an, konbyen foto Préval w ap jwenn ? Nou plis pran plezi nan pataje kadav li sou yon branka sou Rezo solyal yo. Mwen pa inyore gen zanmi ki regrèt defen an tout bon, men majorite nan moun se kapital pilitik yo y ap fè nan okazyon lanmò anyen prezidan peyi a, menm jan li konn fèt deja pou anpil lòt sitwayen. E si otopsi a revele kè prezidan Preval bloke aprèl fi n tande yon Prezidan parèy li monte sou yon cha kanaval joure jounalis, grenen betiz  santi tout kalte anba zye tout kouch sosyal, otorite leta ak timoun piti ?

Pafwa menm moun anpil moun nan sosyete a rekonèt kòm gran jounalis karyè yo pa epanye anba gwo akizasyon, lè yo bay yon nouvèl osnon lè yo fè yon analiz ki pa an favè yon sektè. PAske yo di sa yo konnen, jounalis sa yo te gen tan merite tout akizasyon sou rezo sosyal, atribye yo ak tout vye bagay ki pa sanble ak yo. Konpòtman sa pa p ede yon moun viv lontan, fòk pratik sa sispann. Diskou ak konpòtman nou fas ak yon lòt kapab chanje lè l mouri men imaj ak aksyon yo ap rete nan menwa fanmi an...  Pafwa menm moun ki touye w la se  li ki kriye avan, se li ki gen pi bon temwanyaj sou kadav ou. Èske temwanyaj n ap tande jounen jodi a nan medya yo, ki soti bò kote moun nan pouvwa a ak diferan sektè nan opozisyon an jounen jodi a revele vrè  karaktè René Préval? Fè yon ti egzèsis. Mete nan tèt nou Préval pa mouri, nou nan peryòd eleksyon. Préval poze kandida li, èske politisyen ak òganizasyon yo t ap gen menm konpòtman pou ta afiche yo pou di Préval se te yon nonm de byen pou di tout sa li te fè ki bon? Mwen garanti w chans la vrèman piti. Pou konbat advèsè a, se vye dosye yo rale,  akizasyon tout kalte, vye tit nou konnen yo konn itilize pou detwi m, detwiw, detwi lòt yo jis pou fè tèt yo pase pou pi bon, pou fè wè l pa merite pòs la.

Si lè m vivan ou te akize m kòm dilè dwòg, volè, kidnapè, kadejakè, machann mikwo olye w te felisite m, mwen pa wè sou ki baz lè m mouri se yon lòt temwanyaj k ap sikile pou fè kwè m te yon nèg serye . Tout sa w tande a pa gen twò lontan yon sektè politik te trè amè kont ansyen prezidan René Préval. Yo te menm ap mande pou mete l nan prizon. Jounen jodi a Prezidan Préval mouri diskou yo chanje, pouki rezon?

Jodi a mwen swete nou kòmanse aprann apresye valè youn lòt, ankouraje youn lòt nan aksyon pozitiv yo. Pa tann lè moun nan pa egziste ankò pou fè l. Lè sa a li pa p itil ni abouti ak anyen. Si m ta mouri aprè m fi n ekri tèks sa a, dènye moun mwen te pale nan telefòn se te Fanel Delva. Mwen toujou ankouraje l chak fwa li reyalize yon bon bagay. Se pa nan lide pou m flate l, pou m jwenn yon bagay an retou, men se pito poum montre l li gen valè nan zye m e ankouraje l pwodwi plis.

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Les manifestations de nuit avaient un prix… André Michel se la coule douce !

La politique est le gagne-pain des hommes du secteur démocratique de l’opposition. Qu’ils soient avocats, sénateurs ou peut-être rien du tout, ils vivent de crises politiques. Ils sont prêts à tout. Ils font tout pour atteindre leurs objectifs : s’enrichir contre vents et marées. Cependant, ils se présentent toujours comme des saints. Ou encore, c’est ma préférée, comme des pécheurs convertis. Ils sont devenus de nouvelles créatures, mais pour mieux tromper. Le Secteur Démocratique et Populaire de l’Opposition nous trompait depuis le début. André Michel et alliés se servaient de la naïveté d’un peuple assoiffé de justice et du recul des jeunes Petro-challengers pour prendre l’avantage. Ils se sont montrés acides envers le pouvoir. Seuls les plus naïfs les croyaient. Pourtant, ils ne jouaient que le jeu de leur patron. Ils sont comme des robots, dont la console est bien gardée entre les mains d’une frange du secteur privé des affaires. Jovenel Moïse et le secteur démo

Haïti, l'abattoir à ciel ouvert!

Gibiers facils. Brebris sans berger. Aujourd’hui, Nos têtes ne valent plus rien, contre mille gourdes autrefois. Les assassinats, les massacres, des cas d'execption, jadis, sont devenus notre quotidien. Nous sommes livrés à nous-mêmes, impuissants. Car, si même la Police est défiée, que feraient de simples citoyens pour se défendre, face à l'arsenal des bandits puissants et sans limite? Les bouchers sont partout. Et ils ont le soutien des bergers, supposés se battre pour protéger le troupeau. Mais, ils se taisent. Ils participent même à nos égoregements quotidiens. Car, bon nombre d'entre eux travaillent en tête à tête avec nos bourreaux armés. Nos dirigeants, de facto ou légaux, sont arrogants et sans gêne. En témoignent les récentes déclarations de la ministre de justice de facto, Emilie Prophète. Cette intellectuelle, chercheuse de pain, prostituée, pour ainsi dire l'artiste engagé Kébert Bastien, a étalé toute son incompétence au micro du journaliste Yv

Village de Dieu : Et si Jovenel y posait ses pions pour 2022 ?

La bataille électorale commence depuis plus de trois ans. Car, il faudra à tout prix remplacer Jovenel Moïse, le corrompu, par un autre de la même trempe ou pire. Un autre menteur, un autre bandit légal, dirait-on. La prolifération des gangs armés n’est guère un hasard. Mais, c’est le plan de plusieurs chefs d’État qui se sont succédé à la tête du Pays. Objectif: maintenir le pouvoir, en s’appuyant sur la force des armes, et non sur les résultats. Avec Jean Bertrand Aristide, en 2003 et 2004, notamment, les « Chimè » Lavalas avaient le plein pouvoir. Mais, le règne du PHTK, avec Michel Martelly et Jovenel Moise, rebâtit Haïti en paradis des gangs armés. Ces groupes, mieux équipés que les agents de la PNH, contrôlent presque tous les recoins des quartiers populaires, dont cité Soleil et Martissant. Ces zones, en période électorale, pèsent beaucoup dans l’électorat. Alors, pourquoi ne pas en entrer en possession avec des chefs que Jovenel Moïse contrôle ? Le premier min